Solange
Veillard David
deactivated
Manman So.
Nan jou 25 Me 2020 a la brim di swa nou tout pedi on manman.
Manman So se te manman Pam, manman pa w, manman yo.
Manman So toujou di tout pitit se pitit,
Manman So toujou di si gen manger pou 6 Pitit pa li yo,
gen manger pou 12 lòt Pitit.
Manman So toujou ap priyé,
Pou pitit zantray li,
Men tou pou tout pitit TiGoave, pitit péyi Dayiti,
Héros endédans yo,
Le monde antyé.
Manmanm So se te yon,
Yon pyé Mapou,
Yon pyé bannann,
Yon pyé sablier.
Manman So te manman tout moun.
Mesi manman!
More...
Less...